Paske, men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.
1 Jean 5:3
Seyè a reponn li: “Madam, Madam , w ap bay tèt ou pwoblèm, w ap trakase kò w pou w fè anpil bagay, alòske de twa bagay sifi, pou m pa di yon sèl. Mari, bò kote pa l, chwazi bon pati a, e yo pap pran l nan men l.”
Koman li rele?
Mat
kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an.
Apot Pye
Ki sa Sòm 83:18 fè nou konnen?
“Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.”
Bondye rele Jewova
Madam Jakòb, kòman li te rele?
Sara, Àn, Rachèl, Dina, Mari
Rachèl
Anfèt, kalite li yo ki envizib, sètadi pisans li ki etènèl e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye, parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo, e konsa, yo san eskiz.
Women 1:20
Kiyes ki te di sa: Men, menmsi l pa ta fè sa, n ap fè w konnen, o monwa, nou pap sèvi dye w yo, e nou pap adore estati annò ou fè met kanpe a.” ?
Chadrak, Mechak ak Abèdnego
“Kòmsi, ou kontinye ret fidèl toujou? Sa k fè w pa manke Bondye dega, epi w mouri mouri w!
Madam Job. Job 2:9
Konbyen tribi yo Izrayel te genyen?
12
Dis flewo yo: 1) dlo ki nan flèv la te tounen san. 2) krapo soti nan flèv Nil la. 3) pousyè yo tounen bigay. 4) yon pakèt gwo mouch ki te anvayi kay tout Ejipsyen. 5) ??????????? 6) yon dal gwo bouton leve ni sou moun ni sou bèt. 7) lagrèl tonbe 8) yon dividal krikèt te anvayi peyi a 9) yon fènwa 10) tout premye pitit ki nan kay la te mouri
flewo a te tonbe sou bèt yo
Chèche Jewova, nou tout sou tè a ki gen imilite, Nou menm k ap obeyi lwa l yo ki jis. Chèche fè sa ki jis; chèche gen imilite. Petèt n ap jwenn pwoteksyon nan jou kòlè Jewova a.
Sofoni 2:3
yo pran (Li) , yo mete l nan sitèn Malkija, pitit gason wa a, nan Lakou Gad yo.
Kiyes li ye?
Jeremi
"Seyè, èske w vle nou mande pou dife sot nan syèl la tonbe sou yo pou detwi yo?”
Jak ak Jean. Luke 9:54
Pwofesi semèn yo nan liv Danyel, konbyen semèn genyen an total?
70 semèn
Men, tande ! Jewova di Gideyòn konsa : ‘ Ou gen twòp moun avè w toujou. ’ Jewova di l pou l fè mesye yo bwè nan rivyè sa a, epi pou l voye tout moun ki bese bouch yo nan dlo a ale. Jewova fè Gideyòn yon pwomès, li di l : ‘ M ap ba w laviktwa avèk "...."moun ki te rete ap veye pandan yo t ap bwè a. ’
Avek konbyen solda Gideyòn te ale? 100, 1000, 300, 500, 3000
300
Epi, mwen wè yon lòt zanj k ap vole nan mitan syèl la. Li gen yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou l anonse moun ki abite sou tè a, moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. Li t ap di byen fò: “Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. Kidonk, adore Sila a ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak sous dlo yo.”
Rev. 14:6,7
Epi, li menm ak moun lakay li vin batize. Apre sa, li sipliye nou, li di nou: “Si nou twouve mwen fidèl devan Jewova, vin fè ladesant lakay mwen.” Se konsa, li fòse nou vin lakay li.
Kiyes ki te fòse yo vin lakay li?
Lidi
“Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt?”
Natanayèl
Èsplike 2 bagay ki fè nou kwe ke Bib la egzak nan domèn syantifik
“Li blayi pati nò syèl la nan yon espas ki vid, li fè tè a ret pandye san pa gen anyen ki kenbe l.”Jòb 26:7
“Gen yon Bondye ki abite anlè boul tè a.”Ezayi 40:22
1) Matye, 2) Jida (ki rele Tade tou e ki “pitit Jak”), 3) Simon, yo rele Kananeyen an, 4) Toma, 5) Jak pitit Alfe a ansanm ak 6) Jida Iskaryòt. 7) Simon Pyè, 8) Jan, e petèt 9) Jak (frè Jan), ansanm ak 10) Filip ak 11) Batèlmi (yo rele Natanayèl tou)Kòman lot apot ki manke rele?
Matyas , Pol, Mak, Andre, Lik
Andre
“‘Paske, mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.
Jeremi 29:11
Yon wa te di sa sou li: “O ..., sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w la w ap sèvi san rete a te rive delivre w anba lyon yo?”
Sou kiyes li tap pale?
Danyel
Men, kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi.”
Jozye. Joz 24:15
Moun ki te viv pou plis tan su te a
Metouchela
1) Riben, 2)Simeyon, 3) Levi ak 4) Jida. 5) Dàn, lòt la te rele 6) ?????. 7) Gad avèk 8) Achè.9) Isaka avèk 10) Zeboulòn, 11) Jozèf, 12) Benjamen
Kòman lot frè Jozef te rele? Natanayèl , Jewobowam, Naftali, Azarya
Naftali