Ki bwochi yo fè sitou pou timoun ki nan laj twazan oubyen ki pi piti?
Ki sa “M ap aprann nan Bib la” ye?
Manman m ak grann mwen te etidye avè m depi m te toupiti
Kiyès ki “Timote”? (2Ti.3:15)
Si nou vin tankou timoun piti n ap ka antre la
Ki kote “Wayòm syèl la” ye? (Mt.18:3)
Ki enstriman nan tan biblik te vrèman popilè pou timoun yo jwe?
Ki sa “flit” ye? (Lik 7:32)
Ki sa Jezi te di disip li yo lè yo t ap repouse timoun yo?
‘Kite timoun yo vin jwenn mwen’ (Mt.19:14;Lik 18:16; Mak 10:14)
“Si m te ka raze cheve m mwen t ap pi chèlbè wi”
Kiyès ki “Samson”?
Ki kote tifi Izrayelit la te rete?
Ki kote “Siri” a ye?
Li te komanse danse depi l te nan vant
Kiyès ki “Jan ki konn batize moun” (Lik 1:41)
Ki sa Èv te di lè l te fè Kayen?
“Mwen fè yon pitit gason avèk èd Jewova.” (Jen.4:1)
Se pa blag non! Mwen te fèt vre
Kiyès ki “Izarak”?
“Se lakay ou sila a ki pral dirije Izrayèl pou mwen an ap soti”
Ki kote “Betleyèm Efrata” ye? (Miche 5:2)
Site non yon chante pou timoun yo an kreyòl ki pa nan liv kantik nou an
“Priye pou lòt moun”; “Mwen konn zanmi Jewova yo“; “Lavi Jezi”; “Ann a pran liv ki nan Bib la - 1ye, 2yèm e 3yèm pati”; “Sè pou nou rekonesan”; “Respekte granmoun yo”; “Kalèb am Sofya vizit Betèl”; “Priye toutan”
Poukisa Rebeka pa t vle kontinye viv pandan l te ansent?
“Pitit li te gen nan vant li yo t ap goumen youn ak lòt” (Jen.25:22)
Si manman m te sou vre sa t ap yon bagay grav
Kiyès ki “Samyèl”?
Se la yo kache m pou m ka chape lanmò
Ki kote “Rivyè Nil” la ye?
“Se Bondye ki konfye yo byen sa”. Ki non e nimewo kantik gen pawòl sa yo?
“#134 Timoun yo se byen Bondye konfye nou”