Jozèf nan peyi Ejip
Jozèf nan peyi Ejip Pati 2
Fich biblik Jozèf
100

Kiyès ki te vann Jozèf kòm esklav?


Frè Jozèf yo te vann li kòm esklav

 

100

Ki jan Potifa te pini Jozèf apre Madan li te fe konnen Jozèf te eseye kouche avèk li?

Potifa te fè yo met Jozèf nan prizon.


100

Ranpli pati ki blan yo.

Frè Jozèf bò papa l yo te konn rele l _________ ,e yo te vann li kòm esklav pou_________ pyès ann ajan.

Jenez 37: 19, 28.


Frè Jozèf bò papa l yo te konn rele l NONM KI TOUJOU AP FE REV LA ,e yo te vann li kòm esklav pou 20 pyès ann ajan.

200

Kiyès ki te achte Jozèf kòm esklav nan peyi Ejip?

Potifa te achte Jozèf kòm esklav nan peyi Ejip.

200

Eske Jewova te abandone Jozèf apre Potifa te mete li nan prizon?

Non, Jewova te toujou ap veye sou Jozèf.

200

Le madanm Potifa t ap fe presyon sou Jozèf  pou l fe seks ave l, Jozèf te reponn byen fem. Ki sa Jozef te di? 

Jenez 39:9

Ki jan pou m ta ka fe gwose mechanste sa a pou m ta peche kont Bondye?

300

Yon jou, se Jozèf sèlman ki te lakay Potifa kòm moun k ap travay, e madan Potifa te plede ap di Jozèf ki bagay?

 

Madan Potifa te plede ap di Jozèf "Kouche avè m Jozèf".                            

300

Kiyes ki te wa peyi Ejip la?

Farawon te wa peyi Ejip la.

300

Pou konbyen tann Jozef te esklav nan peyi Ejip?

 

Jozef te esklav nan peyi Ejip pou anviwon 13 ane.

400

Ki sa Jozèf te fè lè madan Potifa t ap eseye fè l peche?


Jozèf te kouri sot deyò kay Potifa  lè madan Potifa t ap eseye fè l peche.

400

Esplike ki sa rèv sa vle di?

Mwen wè twa pànye sou tèt mwen ki gen pen. Men, gen zwazo ki te kòmanse manje Farawon yo nan pànye ki te anlèn nèt la.

Rèv sa vle di Farawon te gen pou li touye prizonye sa nan twa jou.


400

Poukisa Farawon te fe Jozef vin dezyem chef nan peyi Ejip? 

Jenez 41:38-41.

Farawon konnen se lespri Bondye ki te fe Jozef saj e prevwayan.

500

Ki manti madan Potifa di bay sou Jozèf lè Potifa te retounen?


Madan Potifa te fe Potifa konnen Jozèf te eseye kouche avèk li.


500

Esplike ki sa rèv sa vle di?

M te wè yon pye rezen ki gen twa ti branch e branch yo te bay grap. M te prije grap yo nan koup Farawon an, epi m pote l ba li.

Rèv sa vle di nan twa jou ki te gen pou vini yo prizonye sa te gen pou l al retounen travay pou Farawon.


500

 Ki leson ou kapab aprann nan egzanp Jozèf?

Padone moun lè yo peche kont nou.