Ki sa Aga te kòmanse fè le li te wè li ansent?
Aga te kòmanse meprize mètrès li.
Ki sa sarayi te di le Aga te kòmanse meprize mètrès?
Selon bib la sarayi te di, “Se ou menm ki lakòz sa rive m. Se mwen menm ki te ba w sèvant mwen an. Men, kou l wè l ansent, li kòmanse meprize m. Se pou Jewova jije mwen menm avè w!”
Ki sa sarayi te fè ki te akoz Aga pati ale?
Sarayi te imilye Aga.
Ki sa Abram te di sarayi le sarayi te di, “Se ou menm ki lakòz sa rive m. Se mwen menm ki te ba w sèvant mwen an. Men, kou l wè l ansent, li kòmanse meprize m. Se pou Jewova jije mwen menm avè w!”
(Ou pa bezwen di tout bagay)
Li te di, “Gade! Ou gen pouvwa sou sèvant ou a. Fè sa w panse k ap pi bon an avè l.”
Ki sa Aga ye pou sarai?
Aga se yon sè vant.
Le jewova t ap pale avèk Abram ki sa li te di li pa t bezwen santi l?
Le Jewova t ap pale avèk Abram jewova te di le pa bezwen pè.
Nan kisa Jewova t ap pale avèk Abram?
Jewova t ap pale avèk Abram nan yon vizyon
Ki sa Zanj jewova te mande Aga le li te nan dezè a?
Zanj jewova te mande Aga, “Aga, sèvant Sarayi, kote w soti, e ki kote w prale?”
Le Abram te genyen 86 ki sa ki te rive?
Le li te gen 86 Aga te fè Izmayèl.
Ki sa Aga te di le Aga te rele Jewova ki t ap pale ave l?
(Ou pa bezwen di tout bagay)
Selon bib la li te di, “Ou se yon Bondye ki wè tout sa k ap pase."
Koman sèvant sarayi te rele?
Li te rele Aga.
Ki non Zanj jewova te di pou l bay pitit li?
Zanj Jewova te di pou l rele pitit la Izmayèl.
Ki sa Zanj jewova te di pitit Aga te pral menm jan?
Zanj jewova te di pitit Aga pral menm ak yon bourik mawon.
Poukisa Zanj jewova te di Aga pou l rele pitit li Izmayèl?
Selon bib la li di, paske Jewova tande tray ou. (Tray Aga)
Ki moun ki te mande Aga, “Aga, sèvant Sarayi, kote w soti, e ki kote w prale?”
A) Jewova
B) Satan
C)Zanj jewova
D) Abram
Moun ki te mande Aga “Aga, sèvant Sarayi, kote w soti, e ki kote w prale?” Se te C) Zanj Jewova.
Ki jan Sevant sarayi te rele?
Li te rele Aga
Ki kote Aga te soti?
Selon bib la, Li te gen yon sèvant ki moun Ejip ki te rele Aga."
Kimoun ki te bay Abram pèmisyon ke li ka antre nan relasyon ak Aga?
Se Sarayi ki te bay pèmisyon.
Kimoun ki te di, “Se ou menm ki lakòz sa rive m. Se mwen menm ki te ba w sèvant mwen an. Men, kou l wè l ansent, li kòmanse meprize m. Se pou Jewova jije mwen menm avè w!”
Se Sarayi ki te di sa.
Poukisa Sarayi te di Abram, “Se ou menm ki lakòz sa rive m. Se mwen menm ki te ba w sèvant mwen an. Men, kou l wè l ansent, li kòmanse meprize m. Se pou Jewova jije mwen menm avè w!”
Se paske Aga te kòmanse meprize mètrès li.
Konbyen tan Abram te geyen nan peyi kanaran le sarayi te b al Aga sèvant li a pou l antre nan relasyon avel?
Abram te gentan genyen 10 an nan peyi kanaran.
Bò kisa yon zanj te jwen Aga?
Zanj la te jwen Aga bò yon pi dlo nan dezè a.
Ki sa zanj jewova te di pou Aga fè le li retounen al kot sarayi?
Zanj la te di l pou l mete l toupiti devan sarayi.
Ki laj Abram te kenyen le li Aga te fè Izmayèl?
Abram te gen 86 an lè Aga te fè Izmayèl pou li.
Ki kote pi dlo zanj jewova te jwenn Aga te mennen?
Li te mennen nan zòn ki rele Chou a.