Ministè Jezi
Pwofèt ki nan Bib la
Fi ki nan Bib la
Kongregasyon Irvington Creole
Pou Timoun Yo
100

Jezi te fèt nan vil sa

Ki sa ki Bètleyèm?

100

Pwofèt sa te fè 3 jou nan vant yon pwason 

Kiyès ki Jonas?

100

Fi sa te refize kite belmè l pou l tounen Moab

Kiyès ki Rit?

100

Frè sa se li menm ki kondiktè Toudegad la

Kiyès ki Fr Steve?

100

Tigason sa parèt nan videyo “Fè zanmi ak Jewova” yo ke tout timoun renmen

Kiyès ki Kalèb?

200

Jezi te gen laj sa lè l te ret nan tanp lan pandan Jozèf ak Mari tap chèche l

Ki sa ki 12 an?

200

Pwofèt sa te fè vizyon yon gwo charyo, ki reprezante pati òganizasyon Jewova ki nan syèl la

Kiyès ki Ezekyèl?

200

Fi sa te plenyen kont Moyiz, frè l la, e Jewova te frape l ak lèp

Kiyès ki Miryam?

200

Lè n te konn reyini ansanm, nou te konn fè sa nan Sal Wayom nou an nan adrès sa...

Ki sa ki 875 Lyons Ave, Irvington NJ?

200

Non sè Kalèb la

Kiyès ki Sofia?

300

Jezi te batize nan ane sa

Ki sa ki ane 29 epòk nou an?

300

Yo te voye pwofèt sa nan yon twou lyon paske l te detèmine pou l kontinye priye Bondye

Kiyès ki Danyèl?

300

Fi sa te sove tout moun nan kay li lè, avèk imilite, li te mande padon nan men Wa David pou sa Nabal te fè

Kiyès ki Abigayil?

300

Lè ansyen yo reyini ansanm, antanke kowòdonatè gwoup ansyen an, se frè sa ki prezide reyinyon an

Kiyès ki Fr Severe?

300

Tout bagay bèl nou wè sou tè a, se moun sa ki te kreye yo

Kiyès ki Jewova?

400

Jezi te resisite yon tifi ki te gen 12 an, sa se te non papa l

Kiyès ki Jayiris?

400

Pwofèt sa te oblije sove al nan dezè a paske Jezabèl te dèyè touye l

Kiyès ki Eli?

400

Fi sa te mande Jezi pou l di Mari, ki te sè l, ede l paske se li menm poukont li ki tap travay pou resevwa Sèyè a 

Kiyès ki Mat?

400

Avèk de frè ki fè k nome yo, kounya kongregasyon nou an gen konbyen sèvitè ministeryèl

Ki sa ki 4 sèvitè ministeryèl?

400

Pou yo te ka fè bon kòmantè nan reyinyon, paran Kalèb ak Sofia te ede yo fè sa

Ki sa ki prepare, oubyen fè repetisyon?

500

Nan ane 32 epòk nou an, Jezi te voye kantite disip sa yo al anonse ke “Wayòm Bondye a vin toupre nou”

Ki sa ki 70 disip?

500

Pwofèt sa te geri Naaman, yon sòlda vanyan ki te gen lèp 

Kiyès ki Elize?

500

Chak fwa fanmi an te fè vwayaj pou y al Silo, fi sa te renmen fawouche Ana paske Ana pa t ka fè pitit

Kiyès ki Penina?

500

Se sè sa ki te fè nouvèl vizit la nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè mekredi pase a 

Kiyès ki Sè Teolien?

500

Lè Kalèb te kase jwèt Sofia a, Sofia te oblije fè sa

Ki sa ki padone Kalèb?