Question: What is one thing you should check before signing a lease?
Kesyon: Ki sa ou dwe tcheke anvan ou siyen kontra lwaye a?
Answer: The rent amount and the length of the lease.
Repons: Kantite lwaye a ak konbyen tan kontra a dire.
Question: How do you greet someone in the morning?
Kesyon: Kijan ou salye yon moun nan maten an?
Answer: “Good morning!”
Repons: “Bonjou!”
Question: What should you do if you’re going to be late to work?
Kesyon: Kisa ou dwe fè si w ap anreta pou travay?
Answer: Call or message your supervisor.
Repons: Rele oswa voye mesaj bay sipèvizè ou.
Question: Why should you wear safety gear?
Kesyon: Poukisa ou dwe mete ekipman sekirite?
Answer: To protect yourself from injury.
Repons: Pou pwoteje tèt ou kont aksidan.
Question: What does it mean to “budget your money”?
Kesyon: Kisa sa vle di “fè bidjè lajan ou”?
Answer: To plan how you will spend and save it.
Repons: Se planifye kijan ou pral depanse ak ekonomize li.
Question: Name one bill you usually pay every month at home.
Kesyon: Site yon bòdwo ou peye chak mwa lakay ou.
Answer: Electricity, water, or internet.
Repons: Elektrisite, dlo, oswa entènèt.
Question: What can you say if you don’t understand someone? (How do you ask someone to repeat something?)
Kesyon: Kisa ou ka di si ou pa konprann yon moun? (Kijan ou mande yon moun pou repete yon bagay?)
Answer: “I’m sorry, can you repeat that please?”
Repons: “Eskize m, ou ka repete sa souple?”
Question: Why is teamwork important?
Kesyon: Poukisa travay an ekip enpòtan?
Answer: It helps the job get done faster and better.
Repons: Sa ede travay la fèt pi vit ak pi byen.
Question: What should you do if you see a spill on the floor?
Kesyon: Kisa ou dwe fè si ou wè dlo oswa likid tonbe atè?
Answer: Clean it or report it to a supervisor.
Repons: Netwaye l oswa fè sipèvizè a konnen.
Question: What’s one way to avoid spending too much?
Kesyon: Bay yon fason pou evite depanse twòp.
Answer: Make a shopping list and stick to it.
Repons: Fè yon lis pou achte epi respekte l.
Question: What should you do if your smoke detector beeps?
Kesyon: Kisa ou dwe fè si detektè lafimen ou a ap sonnen?
Answer: Check the battery or call maintenance.
Repons: Tcheke batri a oswa rele sèvis antretyen an.
Question: Give an example of how to ask for directions politely.
Kesyon: Bay yon egzanp kijan pou mande direksyon avèk respè.
Answer: “Excuse me, can you tell me how to get to the bus stop?”
Repons: “Eskize m, ou ka montre m kijan pou m rive nan arè bis la?”
Question: Give one example of professional communication at work.
Kesyon: Bay yon egzanp kijan pou kominike pwofesyonèlman nan travay.
Answer: Using polite language in emails or meetings.
Repons: Itilize mo ki gen respè nan imèl oswa reyinyon yo
Question: What is the first thing you should do in a fire?
Kesyon: Ki premye bagay ou dwe fè nan ka dife?
Answer: Stay calm and exit the building safely.
Repons: Rete kalm epi sòti nan bilding lan an sekirite.
Question: Why is it good to compare prices?
Kesyon: Poukisa li bon pou konpare pri?
Answer: So you can find the best deal.
Repons: Pou ou ka jwenn pi bon pri a.
Question: Why is it important to keep emergency numbers near your phone?
Kesyon: Poukisa li enpòtan pou kenbe nimewo ijans yo pre telefòn ou?
Answer: So you can call for help quickly in an emergency.
Repons: Pou ou ka rele pou jwenn èd rapidman nan ka ijans.
Question: What can you say when you meet someone for the first time?
Kesyon: Kisa ou ka di lè ou rankontre yon moun pou premye fwa?
Answer: “Nice to meet you.”
Repons: “M kontan rankontre ou.”
Question: What should you do if you disagree with a coworker?
Kesyon: Kisa ou dwe fè si ou pa dakò ak yon kòlèg travay?
Answer: Stay calm and explain your opinion respectfully.
Repons: Rete kalm epi eksplike opinyon ou avèk respè.
Question: Why is it important to read warning signs at work?
Kesyon: Poukisa li enpòtan pou li siy avètisman nan travay?
Answer: They tell you about dangers and how to stay safe.
Repons: Yo montre ou danje yo ak fason pou w rete an sekirite.
Question: What is an example of a “need” and a “want”?
Kesyon: Bay yon egzanp “bezwen” ak “dezi.”
Answer: A need: food. A want: new shoes.
Repons: Bezwen: manje. Dezi: nouvo soulye.
Question: What are two things you can do to save energy at home?
Kesyon: Site de bagay ou ka fè pou ekonomize enèji lakay ou.
Answer: Turn off lights and unplug unused devices.
Repons: Etenn limyè yo ak dekonekte aparèy ou pa itilize yo.
Question: How can you politely end a conversation?
Kesyon: Kijan ou ka fini yon konvèsasyon avèk respè?
Answer: “It was nice talking to you. Have a good day!”
Repons: “Se te yon plezi pale avè w. Pase yon bon jounen!”
Question: Why is it important to listen carefully at work?
Kesyon: Poukisa li enpòtan pou koute ak anpil atansyon nan travay?
Answer: So you can follow instructions correctly.
Repons: Pou ou ka suiv enstriksyon yo kòrèkteman.
Question: What should you do if you or a coworker gets hurt?
Kesyon: Kisa ou dwe fè si ou menm oswa yon kòlèg blese?
Answer: Report it immediately and get medical help.
Repons: Fè rapò imedyatman epi chèche èd medikal.
Question: Why should you save part of your paycheck?
Kesyon: Poukisa ou dwe ekonomize yon pati nan salè ou?
Answer: For emergencies or future goals.
Repons: Pou ka ijans oswa objektif nan lavni.