Jezi te fèt nan vil sa
Ki sa ki Bètleyèm?
Pwofèt sa te fè 3 jou nan vant yon pwason
Kiyès ki Jonas?
Fi sa te refize kite belmè l pou l tounen Moab
Kiyès ki Rit?
Frè sa se li menm ki kondiktè Toudegad la
Kiyès ki Fr Steve?
Tigason sa parèt nan videyo “Fè zanmi ak Jewova” yo ke tout timoun renmen
Kiyès ki Kalèb?
Jezi te gen laj sa lè l te ret nan tanp lan pandan Jozèf ak Mari tap chèche l
Ki sa ki 12 an?
Pwofèt sa te fè vizyon yon gwo charyo, ki reprezante pati òganizasyon Jewova ki nan syèl la
Kiyès ki Ezekyèl?
Fi sa te plenyen kont Moyiz, frè l la, e Jewova te frape l ak lèp
Kiyès ki Miryam?
Lè n te konn reyini ansanm, nou te konn fè sa nan Sal Wayom nou an nan adrès sa...
Ki sa ki 875 Lyons Ave, Irvington NJ?
Non sè Kalèb la
Kiyès ki Sofia?
Jezi te batize nan ane sa
Ki sa ki ane 29 epòk nou an?
Yo te voye pwofèt sa nan yon twou lyon paske l te detèmine pou l kontinye priye Bondye
Kiyès ki Danyèl?
Fi sa te sove tout moun nan kay li lè, avèk imilite, li te mande padon nan men Wa David pou sa Nabal te fè
Kiyès ki Abigayil?
Lè ansyen yo reyini ansanm, antanke kowòdonatè gwoup ansyen an, se frè sa ki prezide reyinyon an
Kiyès ki Fr Severe?
Tout bagay bèl nou wè sou tè a, se moun sa ki te kreye yo
Kiyès ki Jewova?
Jezi te resisite yon tifi ki te gen 12 an, sa se te non papa l
Kiyès ki Jayiris?
Pwofèt sa te oblije sove al nan dezè a paske Jezabèl te dèyè touye l
Kiyès ki Eli?
Fi sa te mande Jezi pou l di Mari, ki te sè l, ede l paske se li menm poukont li ki tap travay pou resevwa Sèyè a
Kiyès ki Mat?
Avèk de frè ki fè k nome yo, kounya kongregasyon nou an gen konbyen sèvitè ministeryèl
Ki sa ki 4 sèvitè ministeryèl?
Pou yo te ka fè bon kòmantè nan reyinyon, paran Kalèb ak Sofia te ede yo fè sa
Ki sa ki prepare, oubyen fè repetisyon?
Nan ane 32 epòk nou an, Jezi te voye kantite disip sa yo al anonse ke “Wayòm Bondye a vin toupre nou”
Ki sa ki 70 disip?
Pwofèt sa te geri Naaman, yon sòlda vanyan ki te gen lèp
Kiyès ki Elize?
Chak fwa fanmi an te fè vwayaj pou y al Silo, fi sa te renmen fawouche Ana paske Ana pa t ka fè pitit
Kiyès ki Penina?
Se sè sa ki te fè nouvèl vizit la nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè mekredi pase a
Kiyès ki Sè Teolien?
Lè Kalèb te kase jwèt Sofia a, Sofia te oblije fè sa
Ki sa ki padone Kalèb?